
Istwa nou an tankou yon cheni kap transfòme poul vin youn nan pi bèl papiyon ki egziste yo. Nou pase plizyè etap avan nou rive la. Nou te kòmanse tankou lèt ak sitwon. Nou vin zanmi épi yon ti kras tan aprè, nou vin bon zanmi. Tan ap pase épi Lanmou di Fòk nou fè wout la ansanm. Se sak fè nou deside renmen e fè Lanmou sa grandi jiskaske nou rive la. Pakou a pat fasil men chak eksperyans nou te fè te ede lanmou nou vin pi djanm. Se Sak fè nou rekonesan pou bon e move moman yo tou. Maryaj nou ap yon selebrasyon pou tout konba ke nou genyen yo. E nou pa ka tann poun selebre avèk nou.